top of page

Operasyon

​

WOW

DUCLAS SOU WOUT CHANJMAN

Yon Oganizasyon pitit duclas ki gen pou objektif leve figi zon nan. Nap regwoupe tout pitit lakay pou mete men ansanm e sove Duclas. Ak Duclas Haiti nou ka fel. Anpil pwoje...

Yon Kanpay pote kole louvri pou ankouraje, ede lakou yo genyen bon latrinn. Sante se pi gro riches, ede kenbe pep duclas a nan bon jan lijyèn se garanti sante pou tout moun. Nan sans sa Duclas Haiti Inc. ap kontribiye nan etabli twalet nan diferan lakou, espas jaden ki lwen kay. Pou plis enfomasyon sou pwojè sa klike la

Duclas Haiti kwè nan pwojè ki reyèl, Pratik e ki gen enpak direk sou la vi peyizan yo. Poutèt sa avan menm nou lanse nan yon pwojè nou asire ke popilasyon duclas a konprann e patisipe dirèkteman. Yon ekip espesyal nan oganizasyon an disponib pou resevwa lide sou diferan pwojè ki kapab ede zon nan, kote nou nan Duclas Haiti nou ka ede. Ale nan paj sa pou we diferan pwojè yo

Se bon moman pou patisipe nan fason paw pou ede Duclas. Envite yon pitit Duclas antre nan batay, Mobilize fanmi ak zanmi pou bay koud pa yo nan pwoje yo. Pataje Sit entenet la, paj sosyal yo ak nimero telefon rezo DUCLAS HAITI

DUCLAS HAITI -  KIYES NOU YE

DUCLAS HAITI se yon oganizasyon ki pa nan tire pwofi. Objektif nou se travay ansanm ak tout pitit duclas pou rive tabli bon jan mwayen ak kondisyon pou moun viv. Duclas pa anpil men pitit li yo konsiderab, nou ka fè on diferans. An nou mete ansanm pou leve vizaj zon nan. Enskri email ou pou kapab rete okouran de tout pwoje ki gen pou fet yo.

KONTAKTE NOU

T: 561-907-1567

Whatsapp: 561-907-1567

E: duclashaiti@gmail.com

© 2018 Sit sa Kreye pa Wesly pou DCH

Anrejistre Pou rete Okouran

bottom of page